Gede is celebrated throughout October and November all over Haiti. This is a time for honoring ancestors through traditional ceremonies, many of which take place in cemeteries. Like all Vodou deities, Gede is associated with particular traditional rhythms, dances, foods, colors, and songs.
The historical Hotel Oloffson and the band RAM have thrown a lavish Gede celebration for over 20 years. With the intention of strengthening ties between Haiti and New Orleans, the Gedefest team presented an initiative birthed by the emblematic Oloffson Hotel, RAM, Preservation Hall Jazz Band and the celebrated Chef Donald Link from New Orleans.
Gedefest took place in Port-au-Prince from October 25th to November 1st and traveled to Jacmel from November 2nd to the 3rd, 2018. With educational panel discussions, culinary, dance and music master classes, musical exchanges and phenomenal concerts, Haitianola was happy to partner in this epic event, as it aligned beautifully with our organization’s mission.Below are a list of events Haitianola partnered to produce at Gede Fest.
Sezon Gede nan mwa Oktòb ak Novanm selebre toupatou an Ayiti. Se nan moman sa yo dans fèt pou onore zansèt epi anpil nan dans yo fèt nan simityè. Menm jan ak tout lwa Vodou yo, Gede gen rit pal, li gen dans li, manje li, koulè li epi li gen chanson pal.
Otèl historik Oloffson la epi djaz RAM la fete Gede nan otèl la pou plis ke ventan. Otèl Oloffson, RAM, Preservation Hall Jazz Band epi chèf manje Donald Link chita ansanm pou yo kreye yon inisiatif pou yo fete ansanm. Ekip Gedefest la deside nan anne 2018 pou tout moun sa yo rasanble ansanm pou yo selebre koneksyon ant Nouvèl Orleans ak Ayiti.
Gedefest te fete nan Pòtòprens nan dat 25 Oktob jiska 1 Novanm epi fèt la te vwayaje al Jakmèl pou jounne 2 ak 3 Novanm. Te gen diskisyon panèl edikasyonèl, klas mèt sou fè manje epi sou danse, te genyen echanj mizik epi te genyen tou spektak extraodinè. Haitianola te twò kontan patenareya sa paske li te tre byen tonbe nan misyon organizasyon nou. Men kijan Haitianola te prezan nan pwogram Gedefest la.
A Haitianola multi media presentation about the historic connections between Haiti and New Orleans and the resulting current day cultural manifestations.
Yon prezantasyon milti-medya ki pale sou koneksyon istorik ki genyen ant Ayiti avèk Nouvèl Orleans epi kijan nou ka wè sa manisfeste andan kilti nou yo jodia.
A discussion about music with Preservation Hall Jazz Band and Raram as well as an epic jam session!
Yon diskisyon sou mizik ki te fèt avèk Preservation Hall Jazz Band epi Raram epi apre sa misye yo mete pou nou ak bon son yo!
A discussion about Haitian music heritage with Professor Claude Carré and Fondation Haiti Jazz.
Yon diskisyon sou eritaj mizik Ayisyen avèk pwofesè Claude Carré epi Fondasyon Djaz D'Ayiti.
A discussion with Ned Sublette about the musical heritage we share with a look into Haitian, Cuban and New Orleanian music.
Yon diskisyon avèk Ned Sublette sou eritaj mizikal epi sou kijan, lènn gade mizik Ayisyen, mizik Kiben ak mizik Nouvèl Orleans, mizik nou sanmble youn lòt.
An afternoon of fried fish, swimming, Haitianola Trivia and dancing with the Haitianola playlist "Bamboula to Bounce" at the beautiful Gingerbread Hotel in Pacot.
Yon apremidi koten te naje nan bèl pisin otèl Gingerbread la nan Pacot, nou manje bon pwason fri, nou danse ak playlist Haitianola ki rele "Bamboula to Bounce" epitou nou jwe Haitianola Trivia.
With our partners, Foto Konbit, Haitianola presented a photography exhibit entitled "Carnival/Kanaval" consisting of images taken at Carnival in Jacmel by fabulous student photographers after a Haitianola educational seminar about New Orleans.
Avèk Foto Konbit, Haitianola te ekspoze "Carnival/Kanaval" ki se yon koleksyon foto ki te montre aspè Kanaval Jakmèl. Jèn fotograf yo te pran foto yo apre yon seminè Haitianola ki te pale de Nouvèl Orleans.
A phenomenal photography exhibit by LA Reno Photography displaying a collection of her decades work in New Orleans.
Yon ekspozisyon foto eksepsyonèl ki te yon koleksyon imaj ki fèt pa LA Reno Photography ki te montre travay li nan Nouvèl Olreans pou plis ke diszan.
Check out some captured moments of Gedefest by Haitianola co-founder Linda Reno below!
Gade kèk moman espesyal nan Gedefest la ki te kaptire pa youn nan fondatè Haitianola, Linda Reno.
Copyright © 2021 Haitianola - All Rights Reserved.
Powered by GoDaddy Website Builder